About Lexicon

A feature rich and highly configurable, professional Joomla theme.

Icône d'Elisabeth de la Trinité - Carmel de HarissaO Bondye mwen, Trinite m ap adore a, ede m bliye pwòp tèt mwen nèt, pou mwen tabli m nan Ou menm, an pè… san mouvman… kòmsi mwen te deja nan tan ki p ap janm fini an. Se pou anyen pa twouble lapè mwen… ni fè m soti nan Ou… Ou menm ki pa kapab chanje a…; se pou chak minit pote m pi lwen nan pwofondè mèvey Ou a nou pa ka fin konprann nèt la. Fè nanm mwen rete byen poze… fè l vin tounen syèl kote Ou abite a, syèl kote Ou menm Ou renmen an, kote pou Ou repoze a; se pou mwen pa janm kite Ou pou kont Ou, se pou mwen la nèt, byen fèm nan lafwa pandan m ap adore Ou, epi m ap kite Ou menm kontinye zèv kreyasyon Ou nan mwen.

O Kris mwen renmen anpil la, Ou menm yo kloure sou kwa a poutèt renmen Ou lan, mwen ta renmen yon madan marye pou kè Ou ; mwen ta vle kouvri Ou avèk bèlte, mwen ta vle renmen Ou jis pou m ta mouri. Men… mwen santi… mwen pa kapab… mwen mande Ou pou Ou abiye m ak Ou menm, pou fè nanm mwen vin fè yon sèl ak tout mouvman nanm Ou… pou Ou plonje m nèt nan Ou… pou Ou anvayi m… pou Ou pran plas mwen… pou lavi m vin tounen yon reyon limyè Lavi pa Ou. Vini nan mwen tankou yon Adoratè, yon Reparatè epi yon Sovè.

O Pawòl Bondye m nan… Ou menm ki la depi toutan e pou toutan… mwen vle pase tout lavi m ap koute Ou, mwen vle pou Ou montre m byen montre… pou m kapab aprann tout bagay nan men Ou ; epi nan mitan tout lanwit yo, tout vid yo, tout limit mwen yo… mwen vle kontinye gade Ou toutan epi fikse Ou… konsa m ap rete anba gwo Limyè Ou la. Ou menm Zetwal mwen renmen an, atire m, rale m nèt bò kote Ou pou mwen rete pou toutan anba reyon limyè Ou lan.

O Dife k ap boule a, Lespri renmen an… vin nan mwen… fè Pawòl Bondye a vin pran chè nan nanm mwen ; konsa lavi m kòm moun ap vin tounen kay kote Bondye ap toujou kontinye renouvle mèvey Li nou pa fin konprann nèt la.

O Pawòl Bondye m nan… Ou menm ki la depi toutan e pou toutan… mwen vle pase tout lavi m ap koute Ou, mwen vle pou Ou montre m byen montre… pou m kapab aprann tout bagay nan men Ou ; epi nan mitan tout lanwit yo, tout vid yo, tout limit mwen yo… mwen vle kontinye gade Ou toutan epi fikse Ou… konsa m ap rete anba gwo Limyè Ou la. Ou menm Zetwal mwen renmen an, atire m, rale m nèt bò kote Ou pou mwen rete pou toutan anba reyon limyè Ou lan. O Dife k ap boule a, Lespri renmen an… vin nan mwen… fè Pawòl Bondye a vin pran chè nan nanm mwen ; konsa lavi m kòm moun ap vin tounen kay kote Bondye ap toujou kontinye renouvle mèvey Li nou pa fin konprann nèt la.

O Touletwa pa m yo, Ou ki Tout pou mwen an, Tout Bonè mwen… Ou menm pou kont pa Ou… Sèl grandè san limit… kote mwen vin blayi a… Mwen vin lage tout mwen menm nèt ba Ou… pou Ou fè avè l sa Ou pi pito. Rantre fòn nan mwen menm… pou m ka pèdi m nèt nan Ou… etan m ap tann pou m al admire, gras ak limyè Ou la, bèlte san limit Ou a.